We’re Building Something for You. More Support. More Access. More Power.

Resous legal ou ka fè konfyans pou ede w avek dosye wout imigrasyon ou Trusted legal resources to guide your immigration journey 

Mwen pa gen okenn lyen ni pap travay ak gouvènman ameriken an. Mwen pap travay ak okenn ajans/biwo imigrasyon. Sepandan, mwen pataje resous ofisyèl tankou lis sèvis legal gratis (Pro Bono) ke ajans gouvènman yo mete disponib pou ede moun kap chèche asistans legal gratis. Objektif mwen se senpleman ede w jwenn bon jan sipò ak zouti ki deja piblik epi disponib.I am not affiliated with the U.S. government or any immigration agency. However, I share official resources such as the Pro Bono Legal Service Provider List created by government entities to help migrants access free legal assistance. My goal is simply to guide you toward reliable support using tools that are already publicly available.

Meet Marcna, a friendly face in the process

Marcna se yon asistan legal ki pale plizyè lang (Fransè-Kreyòl ak Anglè), epi ki gen bon eksperyans nan pwosesis imigrasyon Ozetazini. Li travay tou nan endistri avyasyon an kote li konbine konesans legal li ak pasyon li pou kominote a. Li akonpanye epi ede de fason jeneral nan domèn imigrasyon epi li ka refere w bay yon avoka si sa w ap mande a depase limit sa li konnen epi gen dwa pou fè.

Marcna pap mandew lajan pou reponn kesyon ki senp oswa pou asistans ki pa konplike tankou prepare pou entèvyou oswa ranpli kèk fòm imigrasyon, tankou kat travay, aplikasyon pou Ajisteman Estati (Adjustment of Status) elatriye.

Ou kapab kontakte li epi voye kesyon ou pa kourye elektronik nan adrès sa a: [email protected] oubyen kontakte li nan 908-521-6521

Avètisman: Si ou bezwen asistans ki pi konplè tankou ede ou ranpli yon fòm antyèman akoz baryè lang oswa lòt difikilte pou konprann li ka chaje yon ti frè sèvis, selon diskresyon li. Tanpri eksplike byen klè sa ou bezwen an pou li ka konprann egzakteman ki kalite èd ak sèvis ou ap chèche.


Marcna is a multilingual paralegal with a strong background in U.S. immigration processes. She also works in the aviation industry, combining her legal knowledge with a passion for flight. She offers general immigration guidance, answers common questions, and may refer you to a qualified attorney if your situation requires legal representation.

Marcna doesn’t charge for simple questions or help with basic tasks like interview prep or filling out immigration forms, such as Adjustment of Status applications.

Feel free to reach out! You can send your question by email to the following address : [email protected] or call 908-521-6521

Disclaimer: If you need more complete assistance such as full help filing a form due to a language barrier or difficulty understanding a small service fee may apply, at her discretion. Please be clear in your request so she can understand exactly what kind of help you're looking for.

Kijan pou ou jwenn yon avoka Imigrasyon gratis (Pro Bono) How to find a free Immigration Lawyer (Pro Bono) 

Biwo Egzekitif pou Revizyon Imigrasyon (EOIR) bay yon lis piblik ki gen avoka ak òganizasyon ak bi ki pa likratif ki ofri asistans legal gratis (pro bono) pou moun ki parèt nan tribinal imigrasyon. Pwofesyonèl sa yo angaje yo pou bay pou pi piti 50 èdtan sèvis chak ane pou ede moun ki pa ka peye yon avoka.

Lis la mete ajou chak kèk mwa epi li gen enfòmasyon kontak ki klase selon kote tribinal imigrasyon yo ye. Li gen ladan tou sèvis referans ki ka konekte w ak èd legal ou ka fè konfyans.

Enpòtan:
Sèvis pro bono vle di sèvis yo gratis, men yo ka mande w kouvri kèk frè tankou frè pou poste oswa kopi. Lis sa a sèlman gen sèvis gratis. Li pa gen sèvis ni biwo kote ou bezwen peye pou reprezantasyon legal


The Executive Office for Immigration Review (EOIR) provides a public list of attorneys and nonprofit organizations who offer free legal help (pro bono) to people in immigration court. These professionals have committed to donating at least 50 hours a year to help individuals who cannot afford a lawyer.

The list is updated every few months and includes contact information organized by immigration court location. It also includes referral services that can connect you to trusted legal help.

Important:
Pro bono services are provided without charge. However, they may request you cover basic costs like mailing or photocopying. This list is only for free services not paid legal representation.

 

Jwenn lis la kounye a ! | Get the list now!

Ou ka jwenn sipò ak referans nan men moun ki te gen menm eksperyans ak ou. You can also get the support and referral of real people with real Experience

Antre nan kominote nou an pou w ka mande lòt moun ki te nan yon sitiyasyon similè referans avoka ki te ede yo epi ou ka fè konfyans, jwenn opinyon sou sitiyasyon w, epi tande eksperyans moun ki deja pase pa menm pwosesis la.

Kit wap fè premye pa yo oswa ou ap jere yon dosye konplike, anpil nan manm kominote a deja itilize resous ki mache epi yo pare pou pataje sa yo konnen ak ou.


Join our community to ask trusted members for lawyer referrals, get feedback on your situation, and hear directly from people who’ve been through the same process.

Whether you're facing something new or navigating a complicated case, our members often know which resources actually work because they’ve used them themselves.

Mande Kominote a Èd | Ask the Community for Help

Èske Ou se yon Avoka spesyalize nan Imigrasyon? Are you an Immigration Lawyer? 

Si ou se yon avoka ki lisansye epi spesyalize nan imigrasyon, oswa ou reprezante yon òganizasyon legal serye epi ou ta renmen parèt sou platfòm nou an, nap kontan pale ak ou. Tanpri ranpli fòm kontak nou an epi bay plis detay posib nan seksyon deskripsyon an, tankou:

  • Eksperyans legal ou oswa enfòmasyon sou kabinè ou

  • Kote biwo ou ye 

  • Nenpòt sit entènèt oswa kont rezo sosyal ki gen rapò ak sevis ou ofri .

Sa ap ede nou verifye enfòmasyon ou yo epi reponn ou pi vit. Chak demann ap revize ak anpil atansyon, epi nap kontakte ou apre nou fin fè verifikasyon nou yo.


If you are a licensed immigration attorney or represent a reputable legal organization and would like to be featured on our platform, we’d love to hear from you. Please fill out our contact form and provide as much detail as possible in the description box, including:

  • Your legal experience or firm background

  • Your office location(s)

  • Any relevant website or social media handles

This will help us verify your work and follow up efficiently. All submissions will be reviewed carefully, and we’ll reach back out after conducting our due diligence.

 

 

Ou entèrese pou non ou oubyen kabinè ou parèt kòm yon resous legal sou platfòm nou an? Interested in being listed as a legal resource? 


 Si ou ta renmen nou konsidere kòm yon referans pou kominotè nou an, tanpri ranpli fòm ki anba a.


If you  would like to be considered for our community referral list, please complete the form below.