We’re building something for you. More support. More access. More power.

Platform Use & Legal Terms

Nou pa bay konsèy ni reprezantasyon legal No Legal Advice or Representation 

Enfòmasyon ki pataje sou platfòm sa a se nan sousi edike ak enfòme sèlman. Nou pa yon kabinè avoka, epi nou pa bay konsèy legal, opinyon legal, oswa reprezantasyon legal. Okenn enfòmasyon sou platfòm sa a pa dwe ranplase nesesite pou pale dirèkteman ak yon avoka imigrasyon ki gen lisans oswa yon òganizasyon legal ki akredite si ou gen bezwen.

Nenpòt aksyon ou deside pran sou baz enfòmasyon nou bay la, se ou menm sèl ki responsab de sa.


The information shared on this platform is provided for informational and educational purposes only. We are not a law firm, and we do not offer legal advice, legal opinions, or legal representation. You should not rely on any information here as a substitute for speaking directly with a licensed immigration attorney or accredited legal provider. Any action you choose to take based on the information provided is entirely your responsibility.

Itilizasyon zouti, fòm ak lòt resous jeneral Use of Tools, Templates & General Resources

Nou kapab bay aksè a de seri de zouti epi dokiman pou telechaje, lis verifikasyon, modèl fòm, materyèl ke nou tradwi, oswa eksplikasyon vizyèl a dispozisyon w sou platfòm lan. Zouti sa yo fèt pou ede w konprann pi byen pwosesis imigrasyon ki konplike yo.

Sepandan, nou pa garanti presizyon ni mizajou enfòmasyon yo toutotan paske lwa imigrasyon yo ka chanje san avètisman. Nou ankouraje tout itilizatè yo tcheke enfòmasyon yo ankò sou sit ofisyèl gouvènman an chak fwa oswa avèk yon pwofesyonèl legal anvan yo pran nenpòt desizyon sou baz materyèl ki disponib sou platfòm sa a.


We may provide access to downloadable tools, checklists, sample forms, translated materials, or visual explainers. These tools are designed to help you better understand complicated immigration processes and your potential options.

However, we do not guarantee accuracy or timeliness, and immigration policies may change without notice. Users are encouraged to double-check all information with official government websites or directly with a legal professional before making decisions based on the materials found here.

Lyen ki soti sou sit gouvènman yo External Government Links

Platfòm sa a ka gen ladann lyen ki mennen a resous ofisyèl gouvènman ameriken tankou sit entènèt USCIS, ICE, CBP, oswa DOJ. Lyen sa yo la sèlman pou ede ou, e nou pa afilye ni nou pap travay avèk okenn ajans gouvènman. Nou pa ka garanti presizyon, disponiblite, ni sekirite sit ekstèn sa yo.


This platform may include links to official U.S. government resources such as USCIS, ICE, CBP, or DOJ websites. These links are offered solely for your convenience, and we are not affiliated with or endorsed by any government agency. We cannot guarantee the accuracy, availability, or security of those external websites. 

Avertisman sou Rekòmandasyon yo Referral Disclaimer

Sa ka rive nou rekòmande kèk òganizasyon asistans legal, avoka, oswa defansè imigrasyon baze sou lis piblik oswa rekòmandasyon ki disponib sou sit ofisyèl. Sepandan, rekòmandasyon sa yo se sèlman pwopozisyon e yo pa vle di nou apwouve oswa sipòte moun oswa òganizasyon sa yo. Nou pa responsab pou fason okenn moun jere dosye ou, e nou pa garanti kalite sèvis yo ni rezilta pwosesis imigrasyon ou. Toujou itilize bon jijman ou epi poze bon kesyon anvan ou chwazi nenpòt moun ki pral ba ou sèvis legal epi trete dosye ou.


We may refer users to certain legal aid organizations, attorneys, or immigration advocates based on public directories or community recommendations. However, these referrals are provided only as suggestions and do not constitute endorsements. We are not responsible for how any third party handles your case, and we do not guarantee the quality of their services or the outcome of your immigration process. Always exercise your own judgment and ask the right questions before retaining any legal provider.

Dwa Otè ak Pwopriyete Entèlektyèl Copyright & Intellectual Property

Tout kontni sou platfòm sa a pwoteje pa lwa sou dwa otè ak pwopriyete entèlektyèl. Sa gen ladan men pa limite a:

  • Atik, rezime, ak eksplikasyon

  • Gid vizyèl, video ak resous ou ka telechaje

  • Tradiksyon, dokiman PDF, ak enfografik

  • Materyèl ki rezève sèlman pou manm yo

Nou entèdi ou fè sa yo san pèmisyon:

  • Kopye oswa repibliye kontni platfòm lan

  • Anrejistre, pran video, oswa pataje kontni ki piblik oubyen make kòm prive oswa sèlman pou manm yo

  • Pataje materyèl ki nan kominote nou yo sou fowòm piblik, rezo sosyal, oswa ak nenpòt lòt moun.

Si ou vyole règ sa yo, sa ka lakoz ou pèdi aksè definitif platfòm lan, epi nou rezève nou dwa pou nou pouswiv w legalman dapre lwa sou dwa otè ak vi prive Ozetazini. Nou gen dwa kontakte nenpòt platfòm rezo sosyal oswa sèvis ebèjeman (tankou Facebook, Instagram, X/Twitter, TikTok, YouTube, oswa lòt) pou rapòte itilizasyon kontni nou san otorizasyon.

Si platfòm sa yo chwazi retire ou oswa sispann kont ou, nou pap responsab, paske se konsekans vyolasyon dwa pwopriyete entèlektyèl.

Nou pran pwoteksyon sa yo trè oserye. Nenpòt vyolasyon ka mennen nan:

  • Retire aksè ou sou platfòm lan pèmanan

  • Aksyon legal pou domaj, itilizasyon ilegal oswa vyolasyon dwa otè

  • Rapò ofisyèl bay platfòm sosyal, hosting, oswa otorite ki konsène

Si ou apresye valè platfòm sa a, nou mande w pou w respekte travay nou ak dwa nou.


Unless otherwise noted, all content on this platform is protected by copyright and intellectual property laws. This includes but is not limited to:

  • Articles, summaries, and explanations

  • Visual guides and downloadable resources

  • Translations, PDF tools, and infographics

  • Exclusive member-only materials

You are strictly prohibited from:

  • Copying or republishing platform content without permission

  • Recording, screenshotting, or distributing content marked as member-only or private

  • Sharing internal materials on public forums, social media, or with third parties

Violating these rules may result in permanent removal from the platform, and we reserve the right to pursue legal action under U.S. copyright and privacy laws. We reserve the right to contact any social media platform or hosting service (such as Facebook, Instagram, X/Twitter, TikTok, YouTube, or others) to report unauthorized use of our content. If this results in the removal of your post or account suspension, we will not be held responsible, as such enforcement actions are the result of violating intellectual property rights. We take these protections seriously. Any violation may result in:

  • Permanent removal of your access to the platform

  • Legal action for damages, misuse, or copyright infringement

  • Official reports filed with social platforms, web hosts, or relevant authorities

If you appreciate the value of this platform, we ask that you respect our work and our rights.

Akò konfidansyalite pou aksè ki rezève pou manm VIP sèlman Member-Only Access Confidentiality

Gen kèk seksyon sou platfòm nou an ki rezève sèlman pou manm ki peye epi ki anrejistre oswa ki resevwa apwobasyon. Nenpòt kontni ou jwenn aksè a yo tankou videyo prive, zouti pou manm, dokiman, oswa rezime legal dwe rete prive. Pyès moun pa gen dwa anrejistre, pran videyo ekran, kopye, ni redistribye.

Distribisyon oswa divilgasyon kontni prive san otorizasyon ka mennen a:

  • Sispansyon oswa fèmen kont ou

  • Anilasyon aksè ou te resevwa

  • Aksyon legal pou vyolasyon kondisyon ak itilizasyon kontni pwoteje san otorizasyon

Nou pran vi prive ak konfyans manm nou yo trè oserye, epi n ap defann dwa sa yo legalman si sa nesesè.


Some sections of our platform are reserved for registered or approved members only. Any content accessed in those sections including private videos, member tools, templates, or legal summaries  must remain private and cannot be recorded, screenshotted, copied, or redistributed.

Unauthorized distribution or disclosure of private content may lead to:

  • Account suspension or termination

  • Revocation of any granted access

  • Legal action for breach of terms and unauthorized use of protected content

We take the privacy and trust of our members seriously and will defend it legally if necessary.

Responsablite Itilizatè yo User Responsibility

Lè w itilize platfòm sa a, ou aksepte pran responsabilite pou fason ou chwazi sèvi ak enfòmasyon ki bay yo. Nou ankouraje tout itilizatè yo pou yo:

  • Verifye tout enfòmasyon anvan yo pran aksyon legal oswa pran desizyon imigrasyon

  • Konsilte yon pwofesyonèl legal si yo pa fin klè

  • Fè atansyon paske sa ki mache pou yon lòt moun ka pa aplike pou sitiyasyon ou

Platfòm sa a fèt pou enfòme epi sipòte nou men li pa ranplase konsèy legal pwofesyonèl. Si ou gen kesyon sou tèm spesifik oswa si ou ta renmen mande pèmisyon pou pataje oswa itilize kontni nou yo, tanpri kontakte nou dirèkteman atravè fòm kontak ki disponib sou sit la.


By using this platform, you accept full responsibility for how you choose to use the information provided. We encourage all users to:

  • Verify all information before taking legal action or making immigration decisions

  • Consult a legal professional when uncertain

  • Be mindful that what worked for someone else may not apply to your situation

This platform is meant to inform and support not to replace professional legal guidance.

If you have questions about these terms or would like to request permission to share or reuse content, please contact us directly through the appropriate contact form.

Pèman, Frè ak Politik remèt lajan Payments, Fees & Refund Policy

Gen kèk sèvis, dokiman, oswa nivo aksè sou platfòm sa a ki ka mande pou peye. Lè ou fè yon pèman sou sit sa a, ou dakò ak kondisyon sa yo:

  • Tout pèman yo final epi yo pa ranbousab.

  • Nou pa ofri ranbousman pou pwodwi dijital, aksè a kontni eksklizif, sesyon youn-a-youn, oswa zouti ki rezève pou manm sèlman.

  • Se responsabilite ou pou revize avèk anpil atansyon sa ki ofri kòm sèvis avan ou fè yon pèman.

Anvan ou soumèt pèman, nou ankouraje w pou ou:

  • Tcheke seksyon FAQ ak paj resous piblik nou yo pou w wè si enfòmasyon ou bezwen an deja disponib gratis.

  • Sèvi ak fòm kontak la pou poze kesyon jeneral si ou pa klè èske sa wap chache gratis ou non

Achte yon sèvis oubyen resous pa garanti okenn rezilta oswa solisyon espesifik pou dosye imigrasyon ou paske nou pa bay sèvis legal. Nou bay zouti, eksplikasyon, ak sipò men pa rezilta legal. Si ou konfime pèman an, sa vle di ou li, konprann epi ou aksepte kondisyon sa yo.


Certain services, templates, or access levels on this platform may require payment. By making a payment on this site, you agree to the following:

  • All payments are final and non-refundable.

  • We do not offer refunds for digital products, access to exclusive content, one-on-one sessions, or member-only tools.

  • It is your responsibility to carefully review what is included before making a payment.

Before submitting payment, we highly encourage you to:

  • Check our FAQ sections and public resource pages to see if the information you're seeking is already available for free.

  • Use the contact form to ask general questions if you're unsure whether a paid option applies to your situation.

Purchasing access does not guarantee a specific outcome or solution to your immigration matter. We provide tools, explanations, and support not legal results.

If you proceed with payment, it means you understand and accept these conditions.

Règleman espas kominotè nou an Community Guidelines

Platfòm sa a se yon espas ki sekirize ki fonksyone nan respè, epi ki fèt pou bay moun plis pouvwa atravè enfòmasyon ak sipò. Lè ou patisipe nan kominote sa a, ou dakò ak règleman sa yo:

  • Respekte lòt moun — Nou pap tolere asèlman, diskriminasyon, oswa tolere  itilizasyon langaj ofansif oubyen deplase.

  • Rete nan kad sijè yo— Kenbe kesyon ak kontribisyon ou konsantre sou imigrasyon, kesyon yo poze yo, sipò kominotè, oswa sijè platfòm lan.

  • Pwoteje vi prive — Pa pataje detay pèsonèl sou dosye w, enfòmasyon konfidansyèl, oswa istwa lòt moun san pèmisyon yo.

  • Pa pataje move enfòmasyon — Li entèdi bay enfòmasyon legal ki fo oswa fè kòm si ou se yon pwofesyonèl si ou pa youn.

  • Pa voye spam oswa fè pwomosyon pèsonèl — Pa itilize platfòm lan pou fè pwomosyon sèvis paw oubyen yon lòt, mande lajan, oswa pataje lyen ki pa gen rapò san pèmisyon.

Vyolasyon règleman sa yo ka lakòz ou pèdi aksè tanporèman oswa pèmanan sou platfòm lan san ranbousman. Nou rezève dwa pou nou kontwole oswa efase nenpòt kontni ki ale kont objektif oswa sekirite kominote a.


This platform is a safe and respectful space created to empower individuals through information and support. By participating in this community, you agree to the following guidelines:

  • Respect others — No harassment, discrimination, or offensive language will be tolerated.

  • Stay on topic — Keep questions and contributions relevant to immigration, community support, or platform topics.

  • Protect privacy — Do not share personal case details, confidential information, or someone else’s story without their permission.

  • No misinformation — Sharing false legal information or impersonating professionals is strictly prohibited.

  • No spam or self-promotion — Do not use the platform to advertise services, solicit donations, or share unrelated links without prior approval.

Violation of these guidelines may result in temporary or permanent removal from the platform without refund. We reserve the right to moderate or delete any content that goes against the purpose or safety of this community.

Donasyon ak Transparans Donations & Transparency

Nou resevwa epi aksepte don ak kontribisyin pou sipòte epi devlope platfòm sa a. Kontribisyon ou ede nou kenbe sèvis teknik yo, devlope nouvo resous, epi elaji aksè gratis a enfòmasyon enpòtan sou imigrasyon.

Pandan wap fè kontribisyon yo, nou ta renmen raple ou :

  • Don yo se yon jès volontè epi yo pa ranbousab.

  • Fè yon don pa bay dwa pou resevwa konsèy legal, tretman espesyal, oswa rezilta garanti.

  • Nou pa yon òganizasyon san bi likratif, don yo pa taksab sof si sa presize otreman.

  • Tout don ap itilize selon diskresyon nou pou soutni, mentni, epi amelyore platfòm lan jan nou panse li nesesè.

Sipò ou pèmèt nou sèvi plis moun, e menm si nou pa rapòte chak don youn pa youn, ou ap remake enpak li atravè nouvo fonksyonalite, zouti ki vin pi efikas epi disponib ansanm ak ekspansyon kontni nou yo. Lè ou rete konekte ak platfòm lan, ou ap temwen jan kontribisyon ou fè diferans lan.

Mèsi paske ou fè pati misyon sa a.


We gratefully accept donations to help support and grow this platform. Contributions help us maintain technical services, develop new resources, and expand free access to important immigration information.

Please keep in mind:

  • Donations are completely voluntary and non-refundable.

  • Making a donation does not entitle anyone to legal advice, special treatment, or guaranteed results.

  • We are not a nonprofit organization, and donations are not tax-deductible unless explicitly stated.

  • All donations will be used at our sole discretion to support, maintain, and improve the platform as we see fit.

Your support allows us to serve more people and while we may not report individually how every donation is spent, you will see the impact over time through new features, improved tools, and continued expansion. By staying connected to the platform, you’ll witness the growth your contribution helps make possible.

Thank you for being part of this mission.